Ou ka wè tout je brake sou ou Jan tout gason vle goute myèl ou Menm femèl vle vin fè w la cour Gen sa ki kanpe au jalou Ou met tout moun nan on gadavou Pèsonn pa ka fè demi-tour [Verse 2] Chak fwa w ouvè bouch ou pou pale Ou ka wè jan tout moun ap tande Aswè a la a se ou ki rèn Ou merite yon gwo kout amen Ay ou mete lòt yo nan lapèn
[Bridge] Ou s on pwoblèm ki pa gen solisyon Ou s on powèm ki chaje emosyon A l’instant même se tout moun ki sou tansyon Ou fè lezòm wè ak zorèy yo Ou fè lafam tande ak zye yo [Scatting] Incroyable sa k ap pase la [Verse 3] Pou bote te ka egziste Yo di m se sou ou yo te kopye Yon sekrè moun pap ka konprann Ou s on difè k pa janm fè sann Ay lè on nèg gade w li pap sispann [Bridge] Ou s on pwoblèm ki pa gen solisyon Ou s on powèm ki chaje emosyon À l’instant même se tout moun ki sou tansyon Ou fè lezòm wè ak zorèy yo Ou fè lafam tande ak zye yo Incroyable [Keyboard] Nicky men l vole avè m wi Incroyable Pa gade l nan zye non Ayiti Biyografi ou incroyable papa [Verse 4] Incroyable se sèl mo mwen jwenn pou m ka dekri w Incomparable, cette vérité est bonne à di w M ap veye w lontan sa, men mwen te kache sa M ap viv ak yon espwa, yon jou pou m devwale w sa [Chorus] Ou s on fenomèn ke mwen pa ka eksplike Ou s on eksepsyon nan tout règ ki egziste [Guitar] Sandoudou, pou kiyès fanm sa a ye [Outro] Fanm sa a pa pou vakabon (rpt) Gad vakabon k ap tcheke Carel Pedre Hey